Gaelle Antoine se yon jèn fanm ayisyèn ki wè jou yon 24 Avril 1996.
Li fet e grandi jeremi nan yon fanmi monoparantal(manman), kote li komanse ale lekòl jiska 6èm ane fondamantal. Li kontinye e fini etid klasik li pòtoprens. Li rantre nan inivèsite pou aprann syans kontab e ladan li ta pral lisansye e diplome.
Gaëlle pat rete la ,li toujou bezwen plis, e se rezon ki fè 1 ta pral aprann nan yon lekòl koni nan kapital la(Potoprens) Kominikasyon ak Relasyon Imèn. Etid sa yo pèmèt li konprann pi byen jan moun kominike, santi, e bati koneksyon, e yo ajoute plis pwofondè nan travay li kom etan yon pwofesyonèl.
Gaëlle ki depi tou piti renmen li te vin devlope yon pasyon pou ekriti
sa ki pouse l akonpli premye zèv li ki se yon liv ki gen pou tit: " 30 konsèy
mwen te dwe jwenn avan 30 an." Pou li se yon kado. Se men li lonje bay
nenpòt moun ki bezwen direksyon, konfyans, oswa yon boustè pou kontinye avanse.
Gaëlle kwè nan lanmou, nan respè ak nan koniyans yon moun ka gen pou tet li. Se sak fè nan liv sa li pataje eksperyans pèsonèl li, jan li konprann lavi aprè moman nwa yo ak moman ki limine yo.
Chak grenn konsèy se yon eksperyans, se pa yon levanjil men de preferans yon chapit nouvo kote li deside sèvi limanite ak pawòl ki leve, ki geri, ki touche.